À propos de nous

KI SA NOU Fè

Tout sant yo patage menm vizyon, menm misyon epi sèvis nou bay yo fè pati senk faktè sa yo ki pèmèt fanmi an vin pi fò. Tout sa nou fè nan sant la baze sou ranfòse lafanmi. Pwogram nou yo fokis sou prevansyon pou kapab wè konpetans timoun yo, sa paran yo konnen nan leve timoun, epi bay sipò nan moman difisil. Se konsa nou define fason nou bay sèvis nou yo. Se sou senk faktè sa yo pwogram nou yo baze: “konpetans sosyal ak emosyonèl timoun, konesans paran sou levasyon timoun, koneksyon sosyal, fòs paran pou jere pwoblèm ak sipò nan moman difisil.” Ekip nou an ak volontè yo travay anpil ak fanmi yo pou fè yo vin pi djanm pandan y ap itilize modèl sa.

Copy of VFSC5

Aksè swen sante

Nou fil asirans sante pou moun nan sant lan chak jedi ak kolaborasyon Well-Care. Pou plis enfòmasyon ak asistans sou pwogram Wellcare a, ou ka rele nou nan nimewo sa: 908-469-9508 oubyen vizite sit entènèt sa: Njfamilycare.gov. Nan sant la nou bay enfòmasyon tou sou timoun, fanm ansent ak fanmi ki gen pwoblèm sante. Mete sou sa, chak mwa nou fè gwoup fòmasyon sou nitrisyon pou moun ki vin chèche manje nan sant lan. Pwogram manje a fèt chak dezyèm ak twazyèm jedi nan mwa a.
Copy of VFSC13

Defann moun

Paske nou se yon sant kominotè nou toujou mete enfòmasyon nou yo ajou espesyalman enfòmasyon sou sèvis ki disponib nan kominote a yon fason pou nou kapab sèvi fanmi yo pi byen. Apre enfòmasyon ak referans, nou ede fanmi yo jwenn sèvis yo bezwen. Nou akonpanye fanmi yo nan lòt ajans pou ede yo defann tèt yo pou rive jwenn bonjan sèvis. Nou fè fòmasyon sou kòman yo ka plede pou tèt yo. Nou akonpanye yo lè yo bezwen sèvis nan lòt ajans. Nou asiste yo lè yo refize ba yo sèvis yo merite.

Pwogram fòmasyon

Nou bay fòmasyon sou koneksyon sosyal ak konpetans. Gen anpil aktivite nou fè nan kominote a tankou fowòm sou fanmi, prevansyon sou abi ak neglijans sou timoun. Men yon lis pwogram fòmasyon nou gen nan sant lan:

Paran-lidè

Sant lan travay pou devlope sans lidèchip kay paran yo pou pèmèt patisipasyon yo nan chanjman kominote an. Sant lan gen yon komite sipò ki reyini yon fwa nan mwa pou wè sa kominote a bezwen. Gwoup sa jwe yon gwo wòl nan bay enfòmasyon, kreye aktivite ak lòt bagay ankò. Sant lan toujou bezwen moun ki pou entegre gwoup la pou nou ka ranfòse relasyon nou nan kominote a. Si ou vle fè pati gwoup sa, rele nan: 908-469-9508 oubyen ekri nou nan: [email protected], [email protected], [email protected]

Kiyes nou ye?

Village Family Success Center se yon kominote ki pa gen pwofi ki baze sou kote rasanbleman ki finanse nan fon ke Depatman Timoun ak Fanmi yo bay. Objektif Village Family Success Center a se anrichi lavi timoun ak granmoun nan rann fanmi yo ak katye yo pi solid. Village Family Success Center aplike pwogram fòmasyon ak prèv ki baze sou estrateji, pratik ak pwogram ki baze sou rezilta ak pèmèt tout segman nan yon kominote yo dwe aktivman angaje nan chanje anviwònman yo.
Copy of VFSC2

Bon jan aksyon

Madan D.S. se yon manman 6 timoun. Nan mwa avril 2020 an, li pèdi travay li akoz Kowonaviris la. Li aplike pou asistans lLta ak lòt travay, men anyen pa janm mache. Nan mwa jiyè 2020, ekip sant lan ede li jwenn travay nan yon faktori. Madanm D.S te kontan anpil epi kontinye vin nan sant lan pou benefisye divès sèvis.

Mesye J.J. te vin nan sant lan pou li aplike pou sipò paske li pa gen papye epi li vle gen mwayen pou okipe fanmi li. Ekip nou an fè l pale ak yon avoka. Sant lan ap travay avèk li epi ba l referans pou zafè legal yo. Mesye J.J. nan tout aktivite ak fòmasyon k ap fèt nan sant lan.

Madan A.R. vin nan Sant la pou assistans pou kay. Li pèdi travay li akoz Korona Viris la. Madan A.R. ansent, li gen pou akouche nan mwa sa a. Ekip la ede madan A.R. aplike pou l jwenn kòb pou peye kay pou yo pa mete li deyò. Kounye a Madan A.R ap resevwa kòb nan men leta, epi ap tann pou yo rele li al travay. Madan A.R. rive jwenn lòt bagay nan sant la tankou kouchèt pou ti bebe, ak rad. Madan A.R. te pèdi mari li nan nan Korona Viris nan mwa Mas 2020.

Mesye J.J. te vinn nan sant la pou li aplike pou sipò paske li pa gen papye epi li vle gen mwayen pou okipe fanmi li. Ekip nou an fèl pale avèk yon avoka. Sant la ap travay avèk li epi bal referans pou zafè legal yo. Mesye JJ nan tout aktivite ak fòmasyon kap fèt nan sant la.

7 novanm 2019 Mesye G.J kontakte sant lan pou aplike pou travay. Ekip la ede li ranpli aplikasyon pou konpayi OTG, walgreens ak yon faktori. Apre 3 semenn, M. G.J jwenn travay.

o Mesye R.W. te bouke ak tout bagay ki t ap pase nan lavi li. Li divòse epi li pèdi kay li. Ti kòb li resevwa a pa ase pou li kouvri depans li yo. Mèt kay kote li rete a rele li nan tribinal. Ekip la te travay avèk Mesye R.W. epi li te jwenn yon kay kote yo te peye tout kòb pou li te ka rantre nan kay la. Mesye R.W. kapab kenbe kay la paske li nan pri kote li ka peye li. Mesye R.W. te kontan jwenn City Hall peye $1000 pou li epi yon lòt ajans te ede li tou pou li te ka rantre nan kay la. Mr. R.W. rantre nan kay la nan mwa mas 2020.

o Nan mwa desanm 2019, sant lan ede anpil moun nan jwenn travay. 30 moun te fè rezime yo, aprann kòman pou yo aplike pou travay. Majorite nan yo jwenn entèvyou. Chache travay tounen yon bezwen nan kominote nou an. Moun yo ap chache kòman pou yo aplike paske anpil nan yo pa pale anglè epi yo pa konn kòman pou yo ranpli aplikasyon travay la sou entènèt, yo konte sou nou pou nou ede yo.

o Madan D.C. vin nan sant lan pou jwenn èd. Li sòti Sendomeng. Li marye, epi li gen yon timoun. Malerezman, Madan D.C. se yon viktim vyolans domestik. Li te viktim fizikman, moralman ak mantalman. Ekip nou te bay Madan D.C enfòmasyon sou sèvis legal, ranpli fòm pou li ka jwenn kay epi al akonpanye li nan yon lòt bwro ki rele Proceed ki jere kesyon Abi. Madan D.C. te bay mari li a yon kanpelwen. Li vinn jwenn travay ak yon kay. Madan D.C ale nan Proceed pou jwenn ak yon pwofesyonèl pou li ak pitit li paske yo te afekte mantalman.

fr_FRKreyol